Jeremiah 44:17
N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
16-Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.
Cross References
Numbers 30:2Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a.
Deuteronomy 23:23Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'.
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
Nehemiah 9:34Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo.
Psalms 106:6Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.
Jeremiah 7:17Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm?