Jeremiah 44:23
Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:15Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa.
Nehemiah 13:18Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!
Psalms 119:150Moun ki soti pou touye m' yo pwoche bò kote m'. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
Jeremiah 7:13Koulye a menm, gade tou sa nou fè. Se Seyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m'. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn.
Jeremiah 40:3Koulye a sa li te di li t'ap fè a, li fè l'. Sa ki lakòz? Se paske pèp ou a te antò devan Seyè a, yo pa t' vle koute l'.
Jeremiah 44:18Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou.