Jeremiah 44:24
Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 1:10Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
Jeremiah 42:15Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Seyè a di nou: Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou soti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete,
Jeremiah 44:15Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:
Ezekiel 2:7Se pou ou di yo tou sa m'a di ou di yo, yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou. Chonje se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.
Amos 7:16Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo.