Jeremiah 44:26
Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Numbers 14:28Men sa pou ou di yo pou mwen: Se mwen menm menm, Seyè a, ki di sa. Menm jan nou wè m' vivan an, mwen fè sèman sa nou te di k'ap rive nou an, se li k'ap rive nou vre.
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Isaiah 48:1Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.
Jeremiah 4:2si nou pran non mwen, non mwen menm Bondye vivan an, pou fè sèman, si nou pa bay manti, si nou pa fè lenjistis, si nou fè sa ki dwat, lè sa a, tout nasyon yo va mande m' pou beni yo, y'a fè lwanj mwen.
Jeremiah 7:9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.