Jeremiah 44:30
Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 34:21M'ap pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki soti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale.
Jeremiah 39:7Apre sa, li fe yo pete de je Sedesyas. Lèfini, li fè yo mare l' ak de chenn kwiv pou yo mennen l' Babilòn.
Jeremiah 46:13Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:
Jeremiah 52:8Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
Ezekiel 29:2-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon peyi Lejip. Bay mesaj sa a sou farawon an, wa peyi Lejip la, ak sou tout peyi Lejip.
Ezekiel 31:18Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.