Jeremiah 44:6
Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
Isaiah 51:20Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Seyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 8:3Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Jeremiah 21:12Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.
Jeremiah 36:7Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Seyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.