Jeremiah 45:5
Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 6:12Bondye gade latè, li wè l' te fin pouri, paske tout moun sou latè te fin pèvèti.
Isaiah 66:16Se avèk dife Seyè a pral jije, avèk nepe l' li pral regle tout moun ki koupab yo. Anpil moun pral mouri anba men l'.
Jeremiah 25:15Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.
Jeremiah 25:26tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou.
Jeremiah 39:18Se vre wi, m'ap sove ou, yo p'ap touye ou. W'ap sove, w'ap vivan paske ou te gen konfyans nan mwen. Wi, se mwen menm Seyè a ki di sa.
Matthew 6:25Se poutèt sa, mwen di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Eske lavi a pa pi konsekan pase manje? Eske kò a pa gen plis valè pase rad?