The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 46 › Jeremiah 46:10

Jeremiah 46:10

Paske, sa se jou Seyè ki gen tout pouvwa a. Se jou revanj li. Li pral tire revanj li sou lènmi l' yo. Nepe li pral touye yo jouk li pa kapab ankò. Li pral bwè san yo jouk vant li plen. Se jou y'ap touye bèt yo ofri pou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, nan nò, bò larivyè Lefrat.

Bib La

In The King James Version

For this is the day of the Lord GOD of hosts, a day of vengeance, that he may avenge him of his adversaries: and the sword shall devour, and it shall be satiate and made drunk with their blood: for the Lord GOD of hosts hath a sacrifice in the north country by the river Euphrates.

In Context

9Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.

11Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou.

Read all of Jeremiah 46

Cross References

2 Kings 24:7Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.

Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.

Isaiah 34:6Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.

Isaiah 63:4Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive.

Jeremiah 46:6Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe.

Jeremiah 51:6Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 46:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 46:9Jeremiah 46Jeremiah 46:11 →