Jeremiah 46:11
Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:25Apre sa, yo chita pou yo manje. Pandan yo leve je yo, konsa yo wè yon kolonn moun Izmayèl ki t'ap vwayaje. Yo te soti Galarad. Chamo yo te chaje ak gonm bwa, lansan ak lami yo t'ap pote al vann nan peyi Lejip.
Isaiah 47:1Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Jeremiah 51:8Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri.
Ezekiel 30:21-Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l' nan fòm pou l' ka pran, pou l' ka gen fòs kenbe nepe nan men l' ankò.
Nahum 3:19Pa gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou malenng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pa t' fè pase mizè.