Jeremiah 46:14
-Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi lè Nèbikadneza, wa Babilòn lan, te vin atake peyi Lejip la:
Cross References
2 Samuel 2:26Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?
Isaiah 31:8Lagè pral fini ak peyi Lasiri, men se pa moun ki pral fè lagè avè l'. Lè batay la, li pral kouri met deyò, men y'ap pran tout jenn gason l' yo fè yo tounen esklav.
Jeremiah 2:16Ata moun Menmfis yo ak moun Tapanès yo ap kale tèt yo.
Jeremiah 6:1Nou menm moun branch fanmi Benjamen yo, kouri al kache! Chape kò nou soti lavil Jerizalèm. Kònen twonpèt lavil Tekoa. Limen yon dife lavil Bèt Achirèm pou bay siyal la. Yon gwo malè, yon malè sèk k'ap soti nan nò pandye sou tèt nou.
Jeremiah 43:8Antan yo te lavil Tapanès, Seyè a pale ak Jeremi, li di l' konsa:
Jeremiah 46:3Ofisye lame Lejip la ap bay lòd: -Pare plak pwotèj yo, gwo kou piti, pou pare kou! Annavan pou batay la!