Jeremiah 46:18
Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Yo bay farawon an, wa Lejip la, yon lòt non. Yo rele l': Paladò. Li kite lè a pase!
Cross References
Joshua 19:22Fwontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l' al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Judges 4:12Y' al di Sisera men Barak, pitit gason Abinoram lan, te pran chemen moute mòn Tabò.
Psalms 89:12(089:13) Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
Isaiah 48:2Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.
Jeremiah 4:13Gade! Men lènmi yo ap vini tankou nwaj nan syèl la. Cha lagè yo tankou yon van siklòn. Chwal yo pi rapid pase malfini. Zafè nou pa bon! Y'ap fini ak nou!
Jeremiah 10:16Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.