Jeremiah 46:19
Nou menm moun peyi Lejip, mare pakèt nou pou yo depòte nou! Lavil Menmfis pral tounen yon dezè, yon bann miray kraze, san pesonn ladan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Peyi Lejip te tankou yon bèl gazèl. Men, yon tanwouan soti nan nò vin atake l'.
Cross References
Jeremiah 26:9Poukisa ou pran non Seyè a pou ou di li pral kraze tanp sa a menm jan li te detwi kote yo te mete apa pou li lavil Silo a, li pral fè lavil la tounen mazi, san pesonn ladan l'? Tout pèp la sanble bò kot Jeremi nan Tanp Seyè a.
Jeremiah 44:1Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.
Jeremiah 51:29Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.
Ezekiel 30:13Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.