Jeremiah 46:22
Peyi Lejip ap tankou koulèv k'ap kouri pou moun, l'ap kouri ale lè lame lènmi l' yo ap pwoche. Y'ap atake l' ak rach tankou moun k'ap koupe pyebwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 10:33Seyè sèl Mèt ki gen tout pouvwa a pral desann yo tankou branch bwa y'ap koupe mete atè. L'ap koupe tèt tou sa ki wo yo. Tou sa ki byen kanpe yo, l'ap lage yo atè.
Isaiah 29:4Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!
Jeremiah 51:20Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.
Micah 7:16Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,