Jeremiah 46:25
Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Moun Lejip yo wont, pèp ki soti nan nò a kraze yo.
Cross References
Isaiah 19:1Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.
Isaiah 30:2Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.
Isaiah 31:1Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.
Jeremiah 42:14Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n' al viv.
Jeremiah 43:13L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Ezekiel 30:14M'ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M'ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M'ap pini lavil Tèb, kapital peyi a.