Jeremiah 46:5
Seyè a ap mande: -Kisa nou wè la a? Yo pè, y'ap kouri tounen, yo kraze vanyan sòlda yo anba kou! Y'ap kouri met deyò san gad dèyè. Toupatou tout moun pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:17Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
Isaiah 19:16Jou sa a, gason peyi Lejip yo ap tankou fanm: yo pral tranble, kè yo pral kase lè y'a wè Seyè ki gen tout pouvwa a ap leve men l' pou pini yo.
Jeremiah 20:3Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l' konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou.
Jeremiah 46:15Poukisa Apis, towo bèf ki bondye nou an, kouri met deyò? Poukisa towo bèf nou an pa kenbe tèt? Se Seyè a ki lage l' atè!
Jeremiah 49:29Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.
Nahum 2:8Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.