Jeremiah 46:6
Sa ki kouri yo p'ap sove, vanyan sòlda yo p'ap chape. Nan nò, bò larivyè Lefrat la, yo bite, yo tonbe.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Kilès sa a k'ap vini tankou dlo nan larivyè Nil k'ap desann, tankou yon rivyè k'ap anvayi toupatou?
Cross References
Judges 4:15Lè Barak parèt avèk lame l' la, Seyè a lage yon sèl kè kase sou Sisera ak tout moun sou cha lagè l' yo ansanm ak tout lame l' la. Sisera desann sot sou cha li a, li met deyò, li di pye sa m' manje m' pa ba ou!
2 Kings 24:7Wa peyi Lejip la pa janm soti kite peyi l' la ankò, paske wa peyi Babilòn lan te pran tout zòn ki te pou wa peyi Lejip la, depi larivyè Lefrat rive nan ravin Lejip.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Ecclesiastes 9:11Yon lòt bagay mwen wè ankò sou latè, se pa toujou moun ki konn kouri ki genyen nan kous, se pa toujou vanyan gason ki genyen nan lagè. Yon moun ki gen konprann pa toujou gen manje pou l' manje, yon moun ki gen lespri pa toujou gen anpil byen. Moun ki gen kapasite pa toujou jwenn gwo pozisyon. Chans ak malchans la pou tout moun.
Isaiah 30:16Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
Jeremiah 4:6Ba yo direksyon mòn Siyon an! Kouri al kache! Pa mize sou wout! Mwen menm, Seyè a, m' ap fè yon malè soti nan nò. Li pral fè gwo dega.