Jeremiah 48:12
Men lè a rive koulye a, se Seyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Moab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 16:2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.
Jeremiah 14:3Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 48:8Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 48:15Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Ezekiel 25:9Enben, mwen pral fè yo atake lavil k'ap defann fwontyè peyi Moab la. Yo pral kraze yo tout, ata pi bèl vil yo tankou Bèt-Jechimòt, Baal Meon ak Kiriya-Tayim.