Jeremiah 48:15
Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè?
16Jou pou yo fini ak Moab la ap pwoche. Malè ki pral tonbe sou Moab la pa lwen rive.
Cross References
Psalms 24:8Kilès ki wa ki gen pouvwa sa a? Se Seyè ki gen fòs ak kouraj la, li vanyan nan batay.
Isaiah 34:2Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li.
Jeremiah 46:18Mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, se mwen ki wa. Men sa m' di: Se mwen ki Bondye vivan an. Moun k'ap vini pou atake nou an ap tankou mòn Tabò ki nan mitan lòt mòn yo, tankou mòn Kamèl ki kanpe byen wo nan lanmè a.
Jeremiah 48:8Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo. Yo yonn p'ap chape anba l'. L'ap fini ak sa ki nan fon yo. L'ap ravaje sa ki sou platon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
Jeremiah 50:34Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
Jeremiah 51:57M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo, chèf lame ak sòlda li yo. Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve. Se mwen menm wa a ki pale, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a.