Jeremiah 48:27
Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 16:4Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.
Psalms 79:4Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
Jeremiah 2:26Menm jan yon vòlè wont lè yo bare l', se konsa moun pèp Izrayèl yo pral wont, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo!
Lamentations 2:15Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!
Ezekiel 26:2-Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.
Ezekiel 36:2Wi, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye ban nou: Lènmi moun Izrayèl yo ap pase nou nan betiz, y'ap di: Tout ansyen mòn sa yo pou nou koulye a!