Jeremiah 48:29
Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 40:10Si se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat! Gade tout moun nan je! Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!
Proverbs 8:13Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li rayi sa ki mal. Mwen pa vle wè moun lògey ak moun awogan, moun ki gen move kondit ak moun k'ap bay manti.
Proverbs 30:13Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.
Isaiah 16:6Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!
Zephaniah 2:8Seyè a di ankò! -Mwen te tande jan moun peyi Moab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.
James 4:6Men, li fè nou yon pi gwo favè ankò, jan sa ekri nan Liv la: Bondye pran pozisyon kont moun ki gen lògèy yo. Men, moun ki soumèt devan l', li ba yo favè li.