The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 48 › Jeremiah 48:33

Jeremiah 48:33

Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Moab yo. Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo. Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven. Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.

Bib La

In The King James Version

And joy and gladness is taken from the plentiful field, and from the land of Moab; and I have caused wine to fail from the winepresses: none shall tread with shouting; their shouting shall be no shouting.

In Context

32M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.

34Moun Esbon yo ap rele. Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz, depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya. Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l' cheche.

Read all of Jeremiah 48

Cross References

Isaiah 5:10Jaden rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y'a rekòlte yon sèl mamit.

Isaiah 9:3Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.

Isaiah 24:7Pye rezen yo ap fennen. Ou pa ka jwenn diven. Tout moun ki te konn fè fèt yo ap plenn.

Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Joel 1:12Pye rezen yo ap cheche, pye fig frans yo ap mouri. Pye grenad, pye palmis, pye ponm, tout pye fwi nan jaden fin fennen. Pa gen moun ki gen kè kontan ankò.

Haggai 2:16ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 48:33

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 48:32Jeremiah 48Jeremiah 48:34 →