Jeremiah 48:35
M'ap disparèt moun lavil Moab yo. Se Seyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 28:14N'a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n'a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.
Isaiah 15:2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.
Jeremiah 11:13Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!