Jeremiah 48:38
Sou teras anwo tout kay peyi Moab yo, sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn. Mwen kraze peyi Moab tankou yon kannari pesonn pa bezwen ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 15:3Nan tout lari, moun ap mache ak rad sak sou yo. Sou tout plas piblik, sou teras anwo tout kay, moun ap plenn. Dlo ap koule nan je yo tout.
Isaiah 30:14N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.
Jeremiah 25:34Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.
Romans 9:21Moun k'ap bat tè pou fè krich la gen dwa fè sa l' vle ak tè a. Avèk menm pa t' labou a, li ka fè de kalite krich: yon bèl krich byen chè ak yon krich bon mache.
Revelation 2:27menm jan Papa m' te ban m' pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.