Jeremiah 48:42
Y'ap fini ak peyi Moab la, y'ap touye dènye moun ladan l', paske li te kenbe tèt ak Seyè a.
Bib La
In The King James Version
And Moab shall be destroyed from being a people, because he hath magnified himself against the LORD.
In Context
Cross References
Psalms 83:4(083:5) Yo di: -Vini non! Ann efase non yo pami nasyon yo, pou pesonn pa janm chonje peyi Izrayèl la ankò!
Proverbs 16:18Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
Isaiah 37:23Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Jeremiah 48:2Peyi Moab la pèdi pouvwa li. Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Moab. Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè! Yo fè lavil Madmèn pe bouch li. Yon gwo lame ap mache pran l'!
Daniel 11:36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.
2 Thessalonians 2:4Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.