Jeremiah 5:12
Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!
Bib La
In The King James Version
In Context
11Ni moun Izrayèl yo, ni moun Jida yo trayi m' nèt. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Cross References
1 Samuel 6:9N'a rete ap gade l' ale. Si nou wè l' pran chemen moute lavil Bèt-Chemèch, n'a konnen se Bondye pèp Izrayèl la ki te voye tout malè sa yo sou nou. Men si li pran yon lòt wout, lè sa a n'a konnen malè sa yo pa t' soti nan li. Se te devenn pa nou.
Psalms 10:6L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.
Isaiah 28:14Se poutèt sa, nou menm bann awogan ki chita lavil Jerizalèm pou gouvènen pèp sa a, koute sa Seyè a di nou:
Jeremiah 2:6Yo pa chonje reve mande kote Seyè a, li menm ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremiah 14:13Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.