Jeremiah 5:17
Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Sòlda k'ap tire flèch yo se vanyan gason yo ye, y'ap touye moun san gad dèyè.
18Men sa Seyè a di ankò: -Men, menm lè sa a, mwen p'ap detwi pèp mwen an nèt.
Cross References
Deuteronomy 28:30N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
Judges 6:3Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.
Isaiah 62:9Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.
Jeremiah 1:15Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fotèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l' yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo.
Jeremiah 4:26Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.
Jeremiah 50:7Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo.