Jeremiah 5:24
Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Men pèp la gen tèt di, yo pa vle koute. Yo vire do ban mwen, y' al kite m'.
Cross References
Deuteronomy 11:13Nou mèt sèten, si nou mache dapre kòmandman mwen ban nou jòdi a, si nou renmen Seyè a, Bondye nou an, si nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou,
Deuteronomy 28:12L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete.
Job 5:10Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden.
Job 36:27Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli.
Psalms 147:8Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo.
Jeremiah 3:3Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.