Jeremiah 5:26
Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 10:9Li anbiske kò l' tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l'ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.
Proverbs 1:11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
Isaiah 58:1Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!
Jeremiah 18:22Y'ap rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo. Lè sa a se va rèl nan tout kay yo. Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.
Micah 7:2Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.
Luke 5:10Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: Pa pè. Depi koulye a se moun ou pral peche.