Jeremiah 5:28
Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 12:6Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k'ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.
Job 21:23Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Psalms 73:6Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Proverbs 15:25Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.