Jeremiah 5:31
Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Bib La
In The King James Version
In Context
30Sa k'ap pase nan peyi a, se bagay pou moun mete men nan tèt, bagay pou fè moun pè.
Cross References
Deuteronomy 32:20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
1 Kings 22:6Se konsa Akab reyini katsan (0400) pwofèt li yo, li mande yo: -Eske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon èske se pou m' kite sa? Yo reponn li: -Atake l', monwa! Seyè a ap lage l' nan men ou.
Isaiah 10:3Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè soti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n' aval kache tout richès nou yo?
Isaiah 30:10Y'ap di divinò yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: Pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.
Jeremiah 4:30Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.
Jeremiah 22:22Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo.