The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 5 › Jeremiah 5:8

Jeremiah 5:8

Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo.

Bib La

In The King James Version

They were as fed horses in the morning: every one neighed after his neighbour’s wife.

In Context

7Nan kondisyon sa a, ki jan pou m' ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.

9Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Seyè a ki di sa

Read all of Jeremiah 5

Cross References

Genesis 39:9Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye?

Exodus 20:17Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.

Deuteronomy 5:21Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.

Job 31:9Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye,

Jeremiah 13:27Mwen te wè n'ap fè bagay mwen rayi. Tankou yon nonm marye k'ap kouri dèyè madanm lòt moun, tankou poulen k'ap ranni dèyè jiman, nou kouri dèyè lòt bondye, n'ap rele nan pye yo. San ankenn wont, n'ap fè sèvis pou yo sou tèt ti mòn yo ak nan laplenn. Aa! moun lavil Jerizalèm, nou fini vre! Kilè n'a sispann? Kilè n'a manyè netwaye kè nou?

Jeremiah 29:23Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 5:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 5:7Jeremiah 5Jeremiah 5:9 →