Jeremiah 50:1
Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:10Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.
2 Samuel 23:2Se lespri Seyè a k'ap pale nan mwen. Se mesaj li k'ap soti nan bouch mwen.
Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
Isaiah 14:4Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!
Isaiah 23:13Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
Jeremiah 25:12Apre swasanndizan sa yo, m'a pini wa Babilòn lan ansanm ak pèp li a pou peche yo fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa. M'ap detwi peyi moun Kalde yo, m'ap fè l' tounen mazi pou tout tan.