Jeremiah 50:12
Men, peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont. Yo pral trennen yo nan labou. Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt. L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:20Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
Isaiah 23:13Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.
Jeremiah 25:26tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou.
Jeremiah 50:35Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!
Jeremiah 51:25Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Jeremiah 51:62Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan!