Jeremiah 50:14
Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 10:9Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.
Isaiah 5:28Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn.
Isaiah 13:17Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.
Jeremiah 49:35Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.
Jeremiah 50:9Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.
Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.