The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 50 › Jeremiah 50:15

Jeremiah 50:15

Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.

Bib La

In The King James Version

Shout against her round about: she hath given her hand: her foundations are fallen, her walls are thrown down: for it is the vengeance of the LORD: take vengeance upon her; as she hath done, do unto her.

In Context

14Nou menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn. Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li, paske li fè peche kont Seyè a.

16Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.

Read all of Jeremiah 50

Cross References

Deuteronomy 32:35Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.

Deuteronomy 32:43Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

Joshua 6:20Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l'.

1 Samuel 15:33Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal.

2 Chronicles 30:8Pa fè tèt di tankou zansèt nou yo, men soumèt nou devan Seyè a. Vin lavil Jerizalèm nan Tanp Seyè a te mete apa pou li pou toutan an. Sevi Seyè a, Bondye nou an, pou Seyè a pa fache sou nou ankò.

Psalms 137:8Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 50:15

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 50:14Jeremiah 50Jeremiah 50:16 →