Jeremiah 50:16
Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 25:38Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Seyè a.
Jeremiah 51:9Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.
Joel 1:11Kiltivatè yo pa konn sa pou yo fè. Moun k'ap okipe jaden rezen yo ap plenn paske pa gen ble, pa gen lòj. Tout rekòt yo pèdi nèt.