Jeremiah 50:2
-Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Men mesaj Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:
Cross References
Psalms 64:9(064:10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.
Isaiah 12:4Jou sa a, n'a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l'! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
Isaiah 21:9Lè sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze!
Isaiah 39:1Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
Isaiah 48:6Se pou nou rekonèt tou sa mwen te di nou yo rive vre. Enben, mwen pral fè ou konnen lòt bagay ankò ki gen pou rive, bagay mwen te kenbe pou mwen, bagay ou pa ka konnen menm.
Jeremiah 4:16Y'ap avèti tout nasyon yo. Y'ap fè lavil Jerizalèm konnen sa k'ap rive l'. Lènmi ap soti nan yon peyi byen lwen. Y'ap rele byen fò, y'ap kouri sou lavil Jida yo.