Jeremiah 50:20
Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:21Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.
Psalms 103:12Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.
Isaiah 10:21Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.
Isaiah 33:24Pesonn nan peyi a p'ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.
Isaiah 44:22Mwen te fè peche nou yo disparèt devan je m' tankou yon nwaj nan syèl la. Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
Jeremiah 33:8M'ap mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m', m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m' lan.