Jeremiah 50:25
Seyè a louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m' fè ak moun Babilòn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 45:5(045:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
Isaiah 13:5Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.
Isaiah 14:22Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Jeremiah 50:15Nou tout ki sènen l' yo, rele byen fò, mache pran li! Lavil Babilòn rann tèt li. Miray li yo tonbe, gwo poto l' yo atè. Se konsa m'ap tire revanj mwen. Tire revanj nou sou li. Fè l' pase sa li te fè nou pase a.
Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!