Jeremiah 50:27
Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:12(022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.
Isaiah 21:12Mwen reponn: -Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.
Isaiah 34:7Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès.
Jeremiah 46:21Peyi Lejip te pran yon bann moun lòt nasyon sèvi sòlda nan lame li. Men, yo te gra tankou towo chatre ki nan manje. Yo menm tou yo pa kanpe goumen. Yo vire do yo, yo tout kouri met deyò, lè jou malè yo rive sou yo, lè jou chatiman yo a tonbe sou yo.
Jeremiah 50:11Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.
Lamentations 1:21Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.