Jeremiah 50:3
Paske yon nasyon ap soti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l' tounen yon dezè. p'ap gen pesonn ladan l'. Bèt kou moun ap kouri met deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:12Jou lannwit sa a, m'ap pase nan tout peyi Lejip la, m'ap touye tout premye pitit gason ak tout premye pitit bèt yo ki nan peyi a. M'ap regle tout bondye peyi Lejip yo. Se mwen menm ki Seyè a.
Isaiah 13:17Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.
Jeremiah 7:20Se poutèt sa, men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m' ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pesonn p'ap ka tenyen.
Jeremiah 50:9Mwen pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l', yo pral kraze l'. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a.
Jeremiah 50:35Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!
Jeremiah 50:41Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.