Jeremiah 50:30
Se poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l' yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.
Jeremiah 48:15Yo fini ak peyi Moab. Yo anvayi tout lavil li yo. Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo. Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Jeremiah 50:36Lanmò pou divinò li yo! Se yon bann egare yo ye. Lanmò pou sòlda li yo! Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.
Jeremiah 51:56Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
Revelation 19:18vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.