Jeremiah 50:31
Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:12Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Jeremiah 48:29Moun Moab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lògèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.
Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Jeremiah 51:25Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.
Ezekiel 29:3Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'.
Ezekiel 38:3W'a di Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la voye di li: Koulye a ou menm Gòg, m'ap leve dèyè ou.