The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 50 › Jeremiah 50:34

Jeremiah 50:34

Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.

Bib La

In The King James Version

Their Redeemer is strong; the LORD of hosts is his name: he shall throughly plead their cause, that he may give rest to the land, and disquiet the inhabitants of Babylon.

In Context

33Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo.

35Men sa Seyè a di ankò: -Lanmò pou lavil Babilòn! Lanmò pou tout moun ki rete ladan l'! Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l' yo!

Read all of Jeremiah 50

Cross References

Exodus 6:6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.

Job 19:25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.

Psalms 43:1Fè m' jistis, Bondye. Defann kòz mwen kont moun sa yo ki pa konnen ou. Delivre m' anba moun sa yo k'ap bay manti, k'ap fè mechanste.

Proverbs 23:11Se Bondye k'ap defann yo, li gen anpil pouvwa. L'a plede kòz yo kont ou.

Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!

Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 50:34

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 50:33Jeremiah 50Jeremiah 50:35 →