Jeremiah 50:36
Lanmò pou divinò li yo! Se yon bann egare yo ye. Lanmò pou sòlda li yo! Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 17:14Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.
Isaiah 43:14Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.
Isaiah 47:10Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.
Jeremiah 49:22Tankou malfini k'ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche.
Jeremiah 51:23Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo.
Jeremiah 51:32Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.