Jeremiah 50:4
Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 3:12Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.
Psalms 126:4Seyè, tanpri, fè moun yo te fè prizonye yo tounen nan peyi yo, menm jan lapli ou fè larivyè ki te sèk la koule ankò.
Isaiah 14:1Wi, kè Seyè a pral fè l' mal pou fanmi Jakòb la. L'ap chwazi pèp Izrayèl la ankò pou pèp pa li. L'ap kite yo rete nan peyi ki pou yo a. Moun lòt nasyon va vin jwenn yo, y'a rete viv ansanm ak moun fanmi Jakòb yo.
Isaiah 55:6Tounen vin jwenn Seyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l' pandan li toupre nou an.
Jeremiah 3:16Apre sa, lè m'a fè n' peple nan peyi a, moun p'ap pale sou Bwat Kontra Seyè a ankò. Lide yo p'ap sou li, y'ap bliye l' nèt. Yo p'ap menm wè si li pa la. Yo p'ap fè yon lòt.
Jeremiah 29:12Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.