The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 50 › Jeremiah 50:40

Jeremiah 50:40

Sa pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo. Pesonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Seyè a wi ki di sa.

Bib La

In The King James Version

As God overthrew Sodom and Gomorrah and the neighbour cities thereof, saith the LORD; so shall no man abide there, neither shall any son of man dwell therein.

In Context

39Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.

41Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan soti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.

Read all of Jeremiah 50

Cross References

Genesis 19:24Lè sa a, Seyè a fè yon sèl lapli souf ak dife soti nan syèl la tonbe sou Sodòm ak Gomò. Wi, se Seyè a menm ki te fè sa.

Isaiah 1:9Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.

Jeremiah 49:18Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p'ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Hosea 11:8Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.

Zephaniah 2:9Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo.

2 Peter 2:6Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 50:40

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 50:39Jeremiah 50Jeremiah 50:41 →