bible.software › Jeremiah › Jeremiah 50 › Jeremiah 50:43
Jeremiah 50:43
Wa Babilòn lan pran nouvèl la. Li santi de bra l' kase. Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
Bib La
In The King James Version
The king of Babylon hath heard the report of them, and his hands waxed feeble: anguish took hold of him, and pangs as of a woman in travail.
In Context
42Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
44Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
Read all of Jeremiah 50
Cross References
Isaiah 21:3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.
Jeremiah 49:24Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche.
Daniel 5:5Yo rete konsa, yo wè yon men moun parèt. Li pran ekri sou miray palè a, kote limyè lanp lan te pi klere a. Wa a wè bout men ki t'ap ekri a.
This Verse In Other Editions
Study Jeremiah 50:43