Jeremiah 50:6
Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 32:7Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m'. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m'.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Psalms 119:176Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m', paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.
Isaiah 1:3Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li ba l' manje. Men, pèp Izrayèl la menm pa konn bagay konsa. Pèp mwen an pa konprann anyen.
Isaiah 32:2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.