Jeremiah 50:7
Tout moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Seyè a ki te ka rann yo jistis, kont Seyè a ki te tout espwa zansèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:4(022:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo.
Psalms 79:7Paske, se yo menm ki fin touye pitit Jakòb yo, yo fin ravaje peyi kote yo rete a.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Isaiah 47:6Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo.
Jeremiah 2:3Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Jeremiah 14:8Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an?